Lachenn voye plis pase yon milyon màs pou peyi Lafwans

0 315

Pari___(TRiboLAND) Minis Afè Lòt bò Dlo peyi Lafwans lan, Jean Yves Le Drian voye jodi a yon gwo kout chapo pou divès donasyon ke yo resevwa bò kote peyi Lachenn pou konbat pandemi Kovit-19 la; pami donasyon sa yo, ou jwenn plis pase yon milyon màs.

Nan yon pwemye avyon ki ateri jodi Mèkredi 18 Mas 2020 an, Lachenn pote materyèl tankou: vètman pwoteksyon, gan ak dezenfektan pandan Lafwans ap tann aterisaj lòt avyon demen, dapwè ministè a.

Minis Le Drian raple ke Lafwans te voye egalman nan Wuhan yon kontenjan 17 tons materyèl medikal mwa pase. Alibaba gwoup, yon gwo tonton magazen chinwa sou entènèt anonse nan lapwès yon gwo avyon kago boure ak materyèl tankou màs pou divès peyi ewopeyen, pami yo ou jwenn Lafwans.

Leave A Reply