Nò peyi Itali anba karantènn rèd mare yon manyè pou ralanti pwopagasyon kowonaviris la

0 532

Itali___(TRiboLAND) Otorite Itali pran yon mezi ki trè drastik jodi 8 Mas 2020 an lòske li mete an karantènn tout rejyon Nò peyi ki paralyze moveman plis pase 16 milyon moun. Objektif plan sa, se wè nan ki mwayen yo kapab arive kontwole pwopagasyon kowonaviris la kap vale teren atravè Ewop la.

Se pa dekonfizyon ki pa kreye nan zònn Venis, Milan, ak plizyè lòt zònn.Mariaj, funeray, shopping nan magazen, menm restoran yo afekte avèk yon parèy dispozisyon kap dure jiska 3 Avwil 2020.

Anpil nan kèk peyi nan zònn Ewop de Lwès pa sispann imite sou Lachenn sitou nan sa ki gen pou wè ak enpoze kouvwe fe avèk kontwole evènman piblik ak distans e mouvman sosyàl.

Leave A Reply