Legliz Batis Penyèl Pòdpè: Yon koral byen organize ki pa sèlman chante

0 493
La chorale de l’Eglise Baptiste Peniel de Port-de-Paix

Sèjousi, kontrent ak anpil lòt nesesite kapab faktè ki ka anpeche yon moun dedikase tan li pou konplètman patisipe nan travay BonDye. Gen anpil moun ki gen volonte pou fè sa se vre, men yon pa kapab jere tan-an. Gen lòt, se parès ki kidnape tan an nan men yo jiskaske yo ap pwokrastine (demen tanto, demen tanto). Sepandan, nan ka gwoup fidèl ki konpoze Koral Legliz Batis Penyèl, kote ke Reveran Pastè Emmanuel Charles ki se premye lidè spirityèl kongwegasyon sa-a, aktivite koral pran yon lòt dimansyon ki pa piti e ki pa sispann atire atansyon moun. Konsa, anpil moun vle kwè, siksè gwoup sa-a pa lòt bagay ke detèminasyon nan sekans repetisyon yo ak adisyonèl aktivite ke responsab legliz-la enkòpore nan koral la, ki se fòs potansyèl anpil gwoup ta swete genyen.

7 Jwen ki sot pase la, Koral Egliz Batis Penyèl-la sot fete 23 lane depi ke gwoup chantè sa a te refonde; sependan egzistans koral-la remoute plis pase 5 deseni; epòk yon gwoup moun kite genyen nan tèt li yon Pastè Ameriken ki rele, Don Dryden, te asèpte achte espas kote ke Penyèl ye jounen jodi-a ki te rele “Tamboula Night Club”. Se te yon tèras kakas ki te andelabreman, pwèske san miray, e pi ki te fasilite ti mounn jwe boul ak kouri kabwèt rou sabliye. Sekonsa, nouvo konstriksyon vinn fèt sou kakas sa-a e avèk letan ki vinn bay gwo batiman sa-a ki se Penyèl nap viv jounen jodi-a.

Anpil entèlèktyèl ak lidè eklezystik nan depatman Nòdwès la soti nan zantray Penyèl, yo te pwan fòmasyon biblik nan yon Lekòl Teolojik ki te genyen yon seri pwofesè konpetan tankou: Pastè Jean-Claude Thervil, Pastè ou Senatè Eboine Cadet poun site sa yo sèlman. Kongwegasyon sa ki, jiska pwezan konsidere kòm youn pilye espirityèl ki kontwibye nan konsolide vi etènèl yon pakèt nanm. Se konsa, koral legliz la vinn boujonnen e pwan chè jiskaske li devni yon veritab antite dinamik pou kongwegasyon an.

Koral Legliz Batis Penyèl kap fè pale de li-a, genyen alatèt li Hendy Delhomme, yon Maestro ki trè rechèche e angaje. Koral-la ki gen anviron plis pase 40 manb, òganize repetisyon yon fason ki trè regilye. San pale de ponktyalite, manb koral-la dwe repete ominimòm 2 fwa pasemènn. Avèk yon ventènn soupwano, san konte yon latriye alto, tenò avèk bas, li mande yon disiplinn rijid ki pou fasilite yon reyisit total de yon moso anjelik. Akote tan, dedikasyon ak talan mizikal yo, manm koral Penyèl-la ale kote ke lòt antite ta gen difikilte pou ale. Sa vle di, kontwibwe e jenere leve defon yon fason pou ka finanse oubyen mete sou pye yon seri de lòt inisyativ ke moun pa wè souvan nan anpil lòt koral.

Dapwè responsab konkwegasyon an, yo pa fè koral pou koral. Pou Maestro Delhomme, koral se pa tou senpleman abiye e mete tòj long epi vinn fè bèl vwa; se yon eta dam ki santre-l sou detèminasyon ki pa chita sèlman pou manifye ou louye non BonDye atravè chante ak mizik, men li gen yon pòte ki ede patisipan-an elaji avèk yon efò konsète potansyalite aksyon sosyal li nan pote lamen fòt bay sa yo ki nan prizon ak lopital. Anplis, manb yo asèpte dispoze resous finansyè yo ansanm nan lide pou pote asistans nan yon seri aktivite ke yo idantifye kòm yon koz ki nòb e vokasyonèl. Akote seyans pwiyè adomisil, konsè, asistans nan seremoni maryaj ak antèman, koral la angaje-l nan mete sou pye: zèv byenfezans ak jounen rekreyativ ki fasilite bonjan entèaksyon avèk lòt antite. An pwensip, tout say o pa antre nan gad evanjelizasyon gwoup koral-la. Pou yo menm, evanjelizasyon se yon bagay apa, ke yon lòt gwoup konplètman responsab.

Anpil moun arive mete an kesyon faktè motivasyon ki egziste lakay yon koral parèy! Poutan, chita pa bay! Chita ak chante tousenpleman anndan yon legliz pa sufi ase nan kad efò pou bay doktrinn Kris-la jarèt nan asiste sa yo kap naje nan yon oseyan mizè.

Wilner Pierre, TRiboLAND

Leave A Reply