Yon pwepye stock materyèl medikal rive nan aewopò Entènasyonal Toussaint Louverture

0 353

Pòtopwens____(TRiboLAND) Gouvènman ayisyen an resevwa arivaj yon gwo kagezon materyèl medikal nan aewopò Entènasyonal Toussaint Louverture ki soti nan peyi Lachenn jodi 7 Me 2020 an.

Pwesidan Jovenel Moise te akonpanye Pwemye Dam Repiblik la ansanm avèk PM Jouthe Joseph ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, Dr. Marie Greta Roy Clément te akeyi avèk anpil kontantman matryèl sa yo ke peyi a tap tan pouf è fas kare ak kovid-19 la.

Pami materyèl medikal sa yo ou jwenn: 137 mil 760 lunèt PP, 100 aspiratè atifisyèl, 50 mil mas modèl N-95, 250 mil vizyè, 200 mil mas chiriji, 500 kabann avèk 10 charyo, dapwè Dr. Marie Greta Roy Clément ki konfime ke gen plis materyèl ki gen pou antre avan lontan, tankou ekipman pou pwoteksyon pèsonèl. Li asure ke livwezon materyèl sa yo ap fèt momo pa moso, sa vle di 5 vwayaj konsekitif.

Pwesidan repiblik la bò kote pa li te pran egalman la pawòl; li soulinye ke materyèl sa yo ap gen pou distribye nan divès sant ospitalyè e yo ap rete pou sèvi menm apwè Kovid-19 la. Jovenel konfime egalman apepwè 50 mil ekipman PP ki kòmande anndan peyi a onivo faktori lokal yo pou yon montan 114 milyon goud.

Leave A Reply