Dàm Mari: entèvansyon polisye nan lokalite Montanyak ta lakoz 9 moun mouri

1,018

04-18-2023

Dàm Mari, Ayiti___(TRiboLAND) Selon yon enfliyansè rezo sosyo yo ki se Cliff Renois, ki egalman yon animatè yon emisyon Radio Grafa nan komin Dàm Mari, pale de yon entèvansyon gro bibit lapolis fè nan lokalite Montanyak (zòn Karaba) nan lannwit lendi 17 pou louvwi madi 18 avwil 2023 a.

Kidonk, enfo yo fè eta 9 moun ki ta mouri, pami yo yon manbo ki pote non Nadine Fortune ki pèdi lavi l. E nan men operasyon sa a ta sanble genyen 3 zam ki arive sezi nan men yon group bandi ki te soti Pòtopwens nan yon chaloup pou vinn tabli baz yo nan zòn Montanyak.

Kesyone sou yon parèy dosye, direktè depatmantal polis la nan Grandans, Jean Louis Paul Menard ,ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND fè konen se atravè rezo sosyo yo ke li tande enfòmasyon sila yo; li kalifye yo kòm “fake news” ki pa gen anyen pou wè ak bonjan enfomasyon.

Comments are closed.