Nominasyon Dr. Jean William Pape nan konsèy siyantifik Òganizasyon Mondyàl pou Sante a (OMS)

572

03/30/2021

(TRiboLAND) Sa fè fyète ras la! Òganizasyon Mondyàl pou Sante (OMS), nome Dr. Jean William Pape ki se yon natif natal peyi Dayiti, kòm manm yon konsèy siyantifik OMS ki genyen ladan’l sèlman 9 manm.

Dr. Pape ki pase de prezantasyon, espesyàlman nan kolosal batay li te angaje li pou trete ak desann fe maladi SIDA a nan Sant Medikal Gheskio ki te arive ranpòte yon trofe pou Sante Global, nan ane 2010. Konsa, selon ekspè nan kominote siyantifik la, tretman ke malad ki arive suviv ak f è SIDA yo jwen nan men Dr. Jean Pape nan peyi Dayiti bay yon pakèt gwo lopital ak klinik ki avanse nan Etazini ak Ewop defi.

Dr. Pape, ki se pwofesè nan Kolèj Medsin ki rele Weill Cornell, te egalman ko-prezidan komisyon miltisektoryèl pou jerans Kovid-19 la nan peyi Dayiti, se youn pami yon ti group siyantifik epidemolojis ki trè respekte non sèlman anndan peyi Dayiti, men egalman atravè lemon sou rechèch siyantifik ki gen pou wè avèk tretman ak swen maladi SIDA a.

Dr. Pape, reyèlman pran yon lòt nivo. Se pwemye siyantifik ayisyen ki arive fè pati konsèy siyantifik Òganizasyon Sante Mondyàl (OMS).

Comments are closed.