OPC egzije yon ankèt pwese pwese nan dosye kadejak ak abi seksyèl Yves Jean-Bart a

0 354

Pòtopwens____(TRibOLAND) Ofis Pwoteksyon Sitwayen mande Ministè Jenès Spò ak acsyon sivil, jistis sekirite piblik ansanm ak kondisyon feminenn san bliye dwa moun ak enstiti byenèt sosyàl e rechèch pou ouvwi yon ankèt pwese pwese sou dosye kadejakè ak abi seksyèl ki tonbe sou pwezidan Fédération Haitienne de Football (FHF) ki se Yves Jean-Bart alyas “Dadou”.

Kòm Dadou ki akize a voye jete tout gwo akizasyon sa yo ke yon jounal blan angle ki rele “The Guardian” revele sou zak abi seksyèl ak sisinaj sou ti inosan jwè femèl nan foutbòl ayisyen an ke alatèt FHF la komèt, li enpòtan pou yon ankèt serye demare. Dadou deklare se yon seri detraktè kap chèche mete po fig anba pye li yon fason pou yo ka pran tèt delegasyon an ke li genyen apepwè 20 lane depi li pran tèt li.

Antouka, kominike 2 Me 2020 OPC a, mande otorite konpetan yo pou ede moun “wè klè nan dosye sa ki menase avni foutbòl ayisyen an.” Paralèlman, rezo sosyàle yo pa sispann anvayi avèk yon videyo ki montre men Dadou sou zepòl yon jènn jwè fanm ki tap pale avèk yon atitid trè anbarasan pa rapò avèk men Dadou ki te pase dèyè kou li pandan tout entèvyou a.

Leave A Reply