Yon gwo tonton eksplozyon sekwe plizyè kay nan Wayòm Ini

306

Londonn__(TRiboLAND) Yon gwo bwi eksplozyon fèt gran bonè maten an nan zònn Sidès peyi Angletè maten Dimanch 1 Desanm 2019 la. Detonasyon sa te tèlman astwonomik ke li te sekwe divès kay e reveye nan dòmi yon bon majorite popilasyon kap viv nan Essex, West London ak Stevenage.

Li pat pwan twòp tan pou lapolis te konfime ke se te bwi avyon RAF; kote ke 2 djèt Typhoon ki te antòtye ak yon avyon ki te pèdi kominikasyon e koze yon gwo tonton supè sonik detonasyon.

RAF deklare ke avyon konba yo te deplwaye soti nan RAF Coningsby nan Lincolshire kèk ti tan apwè 4:00 am. Konsa, avyon an se koz responsab gwo bwi eksplozyon an ki te okazyone anpil moun nan zònn Sidès, ak Hertfordshire Fire Rescue pat sispann resevwa anpil kout fil telefònn san rete.

Comments are closed.