You gwoup sitwayen Matisan mande gouvènman an pou l vinn retire 2 gwoup gang li yo ki rann vi moun ensupòtab

0 336

Pòtopwens____(TRiboLAND) Apwè 2 atak sanglan ki opoze 2 gwoup gang; youn fèt nan 4èm Avni Bolòs yè apwè midi e yon lòt ki fèt sou baz revanj byen bonè jodi Vandredi pwemye Me a ki okazyone plizyè bandi tonbe nan tou de kan.

Konsa, yon lòt gwoup habitan kap viv nan antouraj antre Sid kapital la tankou Matisan, deklare ke yo bouke ak konpòtman gouvènman kap fè jwèt laloz avèk tou 2 kan yo. Yo deside ke yap paralyze zònn sid Matisan an jiskaske Jovenel venn retire 2 gwoup gang li yo (Baz Pilat ak Gran Ravinn) ki anpeche yo fonksyone.

Antouka, Matisan , pandan tout apwèdi a te paralyze; moun, taksi moto ak plizyè machenn ak blende labank te oblije kase tèt tounen anba pwesyon yon twazyèm gwoup ki detèmine ke yo pwè pou afwonte otorite yo si tout fwa yo ta rann yo sou katye Matisan.

Leave A Reply