Akonpayman finansyè gouvènman Moise-Joseph la kòmanse ap moute sou MonCash

0 426

Pòtopwens____(TRiboLAND) Lajan cash, jan Pwezidan repiblik la Jovenel Moise te pwomèt li pou fanmiy ki pi vilnerab yo, kòmanse Jedi 30 Avwil 2020 an dapwè yon anonse bò kote responsab konpayi Telefònn Mobil Digicel yo ki konfime ke deja genyen apepwè 22, 888 sitwayen ki resevwa ti kichòy la.

Digicel raple tout moun ke li la sèlman pou delivwe cash la; genyen apepwè yon milyon 500 mil moun ki konte sible pou benefisye akonpayman 3,000 goud sa ki pral sou kont MonCash moun ke gouvènman an chwazi yo. Dekèsman yo ap fèt gradyèlman e konsène yo ap gen pou enfòme osito lajan an moute sou kont yo.

Leave A Reply