Zàm gwoup gang sangwen pa sispan chante nan zòrèy malere Site Solèy yo

432

Site Solèy_____(TRiboLAND) Afwontman ant gwoup gang sangwen pa soti pou aleje mizèrere popilasyon an nan Site Solèy ki pase deja yon semèn tribilasyon nan “kontre kòn” plizyè gwoup gang ame.

Gwoup gang ame sangwen pa sispann fè chante gwo kout zàm nan Site Solèy la kit e deja anrejistre plizyè blese nan popilasyon an ak nan kan diferan chèf gang, kontinye jodi samdi 15 me 2021 an ap fè pale de li atravè konsè kout zàm san rete, daprè yon temwen ki abwite anndan lakay li pandan plizyè jou.

Site bidonvil peyi a leve yon lòt fwa ankò anba tansyon jeneralize, gwo panik tranble janm, ak rafal kout zàm otomatik anba grenn je mouche Leta ki se yon pwezan absan.

Comments are closed.