MIRAGWÀN : LAPOLIS METE MEN SOU LUCKNER NORVELUS, YON PRIZONYE KI TE SOVE KITÉ PRIZON DEPI 2016

138
0
Share:
TRiboLAND

11/16/2026

Miragwàn, Ayiti ______(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nip mete men sou Luckner Norvelus, alyas Nenel, yon prizonye ki te sove kite prizon an, nan komin Miragwàn, dimanch ki te 15 novanm 2026 la. Aresrasyon sa a antre nan kad operasyon fòs lòd yo ap mennen pou reprann kontwòl sitiyasyon sekirite a epi mete anba kòd moun ki enplike nan aktivite kriminèl sou teritwa nasyonal la.

Daprè enfòmasyon Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP) pibliye, Luckner Norvelus te kondane nan dat 5 me 2015. Sepandan, li te rive sove kite prizon an nan dat 22 oktòb 2016. Depi lè sa a, li t ap viv nan mawonaj, jiskaske fòs lòd yo mete men sou li nan komin Miragwàn lan. Enfòmasyon sa yo mete aksan sou yon dosye prizonye ki te pase plizyè ane deyò prizon aprè li te fin chape.

Atravè operasyon sa a, Polis Nasyonal Dayiti (PNH) reyafime detèminasyon li pou kontinye chache epi arete moun ki ap simen latwoublay atravè peyi a. Enstitisyon an fè konnen li rete mobilize pou anpeche malfra yo chape anba presyon operasyon lapolis ap mennen yo, pandan l ap kontinye vijilans li sou tout teritwa nasyonal la.

Share:

Leave a reply