Gwo van panik soufle sou 3èm sikonskripsyon Pòtopwens an maten an

Pòtopwens___(TRiboLAND) Pwezans nèg ak manch long kreye gwo vant panik ak leve kouri e fè divès machenn ak motosiklèt kase tèt tounen nan zònn blòk 4èm ak 5èm Avni Bolòs jodi Lendi maten 20 Avwil 2020 an.
Nap raple ke se yè Samdi swa a, blòk Bòlòs te yon verib sènn tèrè; divès kay te ensandye e zam tap chante pasi pala. Yon zònn bandi malafwa ak gangstè achte anba zye moun ki rele tèt yo dirijan lajan kontan.






