Dràm: Apèl pote boure ki te fèt sou leadership Pastè Marco a, okazyone 5 fidèl mouri anba bal sangwen

997

08-26-2023

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Gro rasanbleman pote boure ki te pwevwa pou mache pran bandi sangwen nan Kanaan anba leadership Pastè Marco nan Legliz Evanjelik Pisinn Betesda, okazyone pou pi piti 5 nan fidèl asanble a mouri anba bal sangwen jodi samdi 26 dawout 2023 a.

Reveran Marco, ki te nan tèt plizyè milye sitwayen ki te detèmine pou antre nan basyon group gang sangwen Kanaan nan zònn solèy leve kapital la, e ki genyen nan tèt li chèf gang koure Jeff, ta pral resevwa yon rezistans fawouch bò kote bandi Taliban yo, ki pat ezite ouvwi zam sou foul la, lè yo te wè kat mare twa.

Rapòtè TRiboLAND yo ki te sou plas, dekri yon veritab sènn “sauve qui peut”. Yon pwotestasyon pote boure ki fini ak yon dràm; pou pi piti, genyen 5 jèn fidèl Pastè Marco ki ta mouri e plizyè lòt blese nan moman bandi yo tap bat pou jete kò yo; alòske foul la te arive libere plizyè malere ke sangwen yo te kidnape.

Konsa, sitwayen yo repwoche inaksyon, lachte ou konplisite leve kouri, swa dizan yon ti ponyen militè ki te akonpanye yo, men ki pat ditou riposte nan moman atak gang sangwen Kanaan yo.

Comments are closed.