Gwo kout zam chante e kreye panik tranble janm nan Taba : yon malere sitwayen ayisyen arive mouri

832

Taba, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo tansyon ak panik tranble janm nan komin Taba, jodi lendi 19 jen 2023 a.

Aktivite matinal yo pat kapab pran jarèt byen bone maten nan komin Taba, toupre OAVCT a, kote nèg ak zam ke moun pat kapab idantifye tap simen panik ak gwo zam fann fwa. Yon malere sitwayen ayisyen ta sanble arive mouri nan zòn ki toupre MSC Plus.

Konsa, van panik yo te paralize ti aktivite demele rezidan yo nan plizyè ri kote ke te genyen menm kamyon sitèn ki te an bandoulyè nan sikilasyon an.

Comments are closed.