Militan politik e vodouyizan, Sò Ann pati pou letènite

0 345

Pòtopwens____(TRiboLAND) Se maten an jodi Vandredi 17 Avwil 2020 an, nan Lopital Bernard Mevs ke aktivis politik e vodouyizan, Annette Auguste di “Sò Ann” fèmen zye l pou di lemon babay

Sò Ann, figi byen koni nan politik peyi Dayiti a, patizan fawouch Fanmiy Lavalas ta pral konnen plizyè ane pwizon apwè ke yo te akize li kòm moun ki te dèyè yon atak kont Inivèsite Deta Dayiti nan lane 2003.

Apwè konbyen tan nan pwizon, militan an te retounen nan arena politik peyi Dayiti a; konsa, li te venn ap danse kole ak “Parti Haitien Tèt Kale” (PHTK) nan yon pwen kote ke li te patisipe nan eleksyon lejislativ anba zèl menm pati politik sa.

Sò Ann te ospitalize depwi plizyè jou; li mouri akoz konplikasyon yon kansè nan sen. Ke nanm li repose anpè!

Leave A Reply