Ansyen pwezidan Jean Bertrand Aristide pa kapab respire byen, Jovenel Moise entèvni pou fasilite leader Lavalas la vwayaje lòt bò dlo

539

06/20/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ansyen presidan Jean Bertrand Aristide ta sanble li kontakte kovid-19 la e li genyen gwo pwoblèm respiratwà nan moman sa koulya, dapwè jounalis Garry Pierre Paul Charles jodi dimanch 20 jwen 2021 an..

Akote yon parèy sityasyon, paspò leader Alatèt Fanmiy Lavalas trouve li perime avèk yon entèdisyon depa rasi ki date 2014.

Konsa, vwazinay se fanmiy; pwezidan defakto a Jovenel Moise oblije pran ka an konsiderasyon pandan li fasilite yon paspò imanitè pou sove lavi leader Lavalas ki dwe san pèdi tan ale nan peyi lòt bò dlo pou swenyàj.

Comments are closed.