Plizyè patizan Fanmiy Lavalas nan Sid peyia denonse fason otorite yo ap jere TPTC nan depatman an

114
4
Share:
TRiboLAND


08 – 31 – 2024

Okay, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè patizan nan selil refleksyon Fanmiy Lavalas nan depatman Sid peyi Dayiti denonse fason otorite yo ap jere Direksyon depatmantal MTPTC a; militan sa yo voye pye akoz bwat sila ki nan men pati politik Fanmiy Lavalas, alòske se yon seri moun ki te kont ideyoloji pati a kap koupe e kap rache.

Militan sa yo akize manm direktwa pati a kap chwazi yon seri moun ki gen apatenans PHTK, pandan gen divès militan Fanmiy Lavalas ki pa menm ka jwenn yon miyèt nan moso gato a. Militan yo mande manm direktwa pati a, sispann mare sosis ak lènmi, pandan yap koupe fache ak ansyen pwatik yo.

Militan yo fini pou di, anpil nan yo kap batay depi anviwon 20 lane pa jwenn anyen, se moman pou responsab yo te òganize pou ede yo jwenn kichòy.

Share: