Mimphard Gédeus arive jwenn liberasyonl apwè komisè gouvènman pakè pòdpè a te fin tande l

476

05/24/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Mimphard Gédeus yon jèn gason nan site kapwa lamò a,ki te jwenn arestasyon l nan semèn ki pase a,rive jwenn liberasyonl jounen lendi 24 me 2021 an.

Nap raple ou, jèn gason saa te genyen sou tèt li kòm chèf akizasyon: trafik ilisit estipefyan, enlèvman (kidnapping) e elatriye.

Pou komisè gouvènman pakè pòdpè a, msye Jean Volney Bellamin, li pa wè okenn endis kita ka montre ke Mimphard nan danse kole ak mouvman malfektè, kidnapping ak aktivite dwòg. Konsa, li estime remèt li an libète san pèdi tan.

Dapwè viktim nan, se ta yon konplo ke gran sè li ki rele Guerla Maxime ta arive manniganse kont li akòz yo nan yon konfli tèryen.

Mimphard kise yon mekanisyen trè koni nan site Kapwa Lamò a, te jwenn sipò divès manm nan popilasyon an ki tap manifeste anfavè li; konsa, yo tap mande komisè gouvènman an bayo Mimphard e lanse yon seri gwo eslogan tankou “BLTS yo se vòlò, BLTS se mafya”!

Nap soulinye pou ou, malgre Mimphard te arive jwenn liberasyon li, sa pat anpeche komisè gouvènman an kenbe pyès idantitel yo, yon mannyè pou voye yo nan kabinè enstriksyon.

Genson Hyppolite

Comments are closed.