Gwo operasyon ajan BLTS nan Tabarre: arestasyon yon pwezime trafikan dwòg Jamaiken

0 383

Tabarre, Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon operasyon PNH la mennen sou wout Tabarre Jedi 16 Avwil 2020 an okazyone men miz sou 128 kilo mariwana, 11 kilo kokayinn, akizisyon plizyè pyès zam detache san konte arestasyon Watson Dwight Anthony ki se yon natif peyi Jamaik.

Dapwè yon nòt ki soti bò kote direksyon jeneral PNH la, Anthony ki gen 64 lane, jwenn arestasyon l nan moman entèvansyon ajan lòd nan dezòd yo sou wout Tabarre 64. Pami zam yo sezi yo, lapolis la fè eta de yon pistolè mak (Taurus) ki ta sanble zam ki rele enstitisyon lapolis la chèmèt chèmètrès.

Touswit apwè, Mèt Pierre Louis Marcel ki se Jij Supleman nan Tribinal Depè Kwadèboukè e kit e akonpanye Komisè gouvènman Kwadèboukè, Mèt Maxime Augustin pat pran tan pou drese konsta legal ak la.

Leave A Reply