Opozisyon an nan Nòdwès boycott pou yon 2èm fwa referandòm konstitisyonèl Jovenel Moïse la

502

05/05/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Aprè echèk li, nan vil Janrabèl madi 4 me 2021 an, nan kad deba referandòm konstitisyonèl Jovenel Moïse la, konseyèz KEP la, madàm Nadia Amédée te rann li nan vil Pòdpè, maten mèkredi 5 me 2021 an, pou kontinye ak deba referandòm konstitisyonèl tèt chaje Jovenel Moïse la nan Otèl Kasika ki localize nan zòn Lakoup nan site Kapwà Lamò a.

Militan politik, avoka melanje ak etidyan nan plizyè fakilte nan Pòdpè, te deja okipe espas menm avan konferans lan. Madàm konseyèz ki pat dakò pou oken moun poze kesyon sou zafè referandòm konstitisyonèl la, te eksite militan ak etidyan sa yo ki te ankòlè. Konsa, yon lòt fwa ankò, yo boycott pou yon 2èm fwa sa ki rele deba konferans sou referandòm konstitisyonèl rejim defakto PHTK nan Pòdpè.

Militan opozisyon an nan Nòdwès di yo voye yon sinyal klèman klè kon klewòz bay Jovenel Moïse e yo sèmante 70 fwa 7 fwa pou di prezidan defakto a depatman Nòdwès la p ap janm danse ploge ak kesyon referandòm konstitisyonèl betiz li a pandan yo mande pou tout nasyon ayisyèn nan alawonnbadè leve kanpe pou fè echèk ak lwa referandòm konstitisyonèl la ki pa sispann danse nan tèt diktatè a, msye Jovenel Moïse.

Antouka, KEP la ap pèdi plim e li sou dezyèm echèk li nan Nòdwès; enfòmasyon TRiboLAND ta arive rekeyi bò kote divès manm nan opozisyon nòdwès la fè eta de jenèz yon mouvman “bat tenèb” dèyè konferansye KEP yo kèlke swa kote yo ta fè tantativ pou delivwe betiz referandòm yo a nan depatman an. Genyen vil Sen Lwi Dinò, Bono, Ansafolè ak Basen Ble, se pami yon latriye komin ke miitan opozisyon yo pa sispan siyone, dapwè yon sous kap evolye nan mitan yon batri avoka ki toujou sou pye yo chak fwa KEP ap trese lèl.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.