Divès tònado okazyone yon 30 ènn moun mouri nan Sid Etazini

0 265

Sid Etazini____(TRiboLAND) Dezezolasyon total kapital depi dimanch avèk lendi nan Sid Etazini, kote ke genyen plis pase yon 30 ènn moun ki mouri nan divès tonado.

Pye bwa rache, kay konplètman detwi, machenn ranvèse se plizyè pami yon seri evènman tèt chaje eta nan Sid Etazini ap viv pandan pandemi kowonaviris la.  Tanpèt yo ravaje zònn ki soti Tekzas pou rive jis Kawolenn Disid. Dapwè Ajans ki responsab pou sèvis dijans nan Misisipi, genyen apepwè 11 moun mouri ki konfime ak yon latriye dega materyèl nan tout eta a. Yo resanse egalman lòt mò, apepwè 9 nan Kawolenn Disid, 7 lòt nan Jorji, 3 nan Tenisi, 1 nan Arkannzas ak yon lòt nan Kawolenn Dinò.

Leta dijans deklare nan Lwizyana ak nan Misisipi. Genyen plis pase 1,3 milyon moun ki nan blackout dapwè site poweroutage.us. Kidonk, gouvènè nan eta Lwizyana ansanm avèk Misisipi pran desizyon pou dekrete eta dijans se nan kad pou pwoteje sante ak sekirite popilasyon yo, dapwè yon tweet ke gouvènè Misisipi a Tate Reeves ak gouvènè Lwizyana a John Ebel Edwards te fè pandan ke yo tap rasure popilasyon an ke yo pa pou kont yo.

Tout yè Lendi apwè midi a, gouvènè Reeves pat sispann ap voye pennga bay popilasyon an pou yo swiv sèvis metewolojik yo ak tout lòt konsiy pwoteksyon kont kowonaviris la.

Leave A Reply