Peyi Etazini pap bay referandòm konstitisyonèl la jarèt finansyè an Ayiti

412

04/302021

Wachentonn______(TRiboLAND) Peyi Etazini pap bay referandòn konstitisyonèl la jarèt finansyè, dapwè sa ke pòtpawòl Depatman Deta Ameriken an, Ned Price konfime bay plizyè repòtè jedi ki te 29 avwil 2021 an.

Price rabat pou li di: “Nou pa sispan repete ke tout refòm konstitisyonèl gen pou wè avèk desizyon pèp ayisyen an. Anplis, nou te toujou montre gouvènman ayisyen an ke gouvènman ameriken pap dispose oken supò finansye pou referandòm konstitisyonèl la”.

Pòtpawòl la, ajoute ke se yon seri eleksyon ke peyi a te dwe reyalize lontan deja alòske ki pase delè yo nèt ale.

Paralèlman, Prezidan ameriken, Joe Biden deside rankontre 4 me pwochen avèk plis pase 68 palmantè ameriken ki te deja fòmule yon lèt entèseksyon sou tribilasyon pèp ayisyen an ak masak, krim ak deriv diktatoryàl ke pèp ayisyen an ap viv okotidyen!

Comments are closed.