Yon Majò nan lame dominikèn Nan asasine anba bal bandi

1,999

11/02/2021

Sen Domeng______(TRiboLAND) Majò José Ferreras Cuevas, se non yon gwo potanta nan lame dominikèn nan ki asasine anba bal bandi lendi 1 novanm 2021 an, nan moman li tap sotì kite lakay li nan “Villa Liberación” ki nan Ès Sen Domeng.

Nan yon entèvwou ke li te akòde bay jounal lokal dominiken an “Listin Diario”, pòtpawòl Polis lokal la, Diego Pesqueira konfime asasinay Majò Cuevas e plizyè sispèk deja ap subi entèwogatwà. “Majò Cuevas resevwà plizyè bal anba men pwezime asasen yo ki te kite kò viktim nan ak yon moto dèyè”, dapwè rapòtè lapolis la.

Toujou selon pòtpawòl Pesqueira, malgre mannèv pou transpòte e ba li swen nan lopital Santral Fòs Ame a, Majò Cuevas finalman lage sa swit ak yon bal ke li te pran abdomèn ak yon lòt nan ponyèt. Konsa, kadav la twouve li nan mòg lopital santral lame a.

Konsa, zàk vyolans pa sispann ap pran jarèt nan peyi panyòl la, yon yon dimansyon krim ki fòse depatman deta ameriken mete tout moun sou penga.

Comments are closed.