Lavale Jakmèl anba kè sote, plizyè bèf mouri nan Kreyak, peyizan yo mande aksyon prese

172
0
Share:
TRiboLAND

04/13/2026

Lavale Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan zòn Kreyak, nan Lavale Jakmèl, plizyè bèf deja mouri nan kondisyon ki mete popilasyon an nan gwo enkyetid. Daprè temwayaj youn nan abitan yo, bèt ki mouri yo ta prezante siy ki sanble anpil ak maladi chabon, yon sitiyasyon ki soulve anpil kesyon sou sante bèt yo ak risk ki ka genyen pou kominote a.

Evènman sa a kreye yon gwo panik bò kote petizan yo, sitou lè nou konnen elvaj se youn nan pi gwo mwayen ekonomik nan zòn nan. Pou anpil fanmi, bèf yo se tankou yon “bank vivan”, yon veritab kanè ki sèvi pou peye lekòl timoun, pran swen fanmi an, epi fè fas ak bezwen ijans chak jou.

Fas ak gravite sitiyasyon an, abitan ak elvè yo lanse yon apèl bay otorite lokal ak sèvis veterinè yo pou entèvni san pèdi tan. Yo mande pou yo idantifye kòz lanmò yo, pran mezi prevansyon ki nesesè yo, epi pwoteje rès bèt ki toujou an sante yo, pou evite plis pèt nan mitan petizan yo.

Share:

Leave a reply