91 moun ki te sanse geri anba kovid-19 la teste pozitif ankò

0 392


Sewoul ____(TRiboLAND) Òganizasyon Sante Mondyàl (OMS) deklare Samdi a ke lap fouye je gade nan rapò kèk pasyan kovid-19 ki teste pozitif apwè yo te inisyalman teste negatif e retounen lakay yo.

Jeong Eun-kyeong, ki se Direktè Sant Kontwòl pou Maladi Enfektyez ak Pwevansyon Kore Sid, di nan yon ti bat bouch yè Vandredi a ke kowonaviris la petèt kapab “reaktive” lakay 91 pasyan ke yo te panse ki te geri. Malad yo teste ankò pozitif pou kovid-19, dapwè sa ki rapòte nan US News and World Report.

Ofisyèl sante yo deklare ke li pa klè kòman e pouki sa rive, men yon envestigasyon epidemiwoloji deja an plas. Kore Sid rapòte an total plis pase 10,450 ka konfime Kovid-19 avèk 208 mò. Selon Johns Hopkins database, plis pase 7,110 malad jiska pwezan jwenn gerizon anba viris la.

Gwo kesyon an se eske viris la reyèlman “reaktive” oubyen malad yo re-enfekte? Pandan ke nap eseye vle kwè pito ke vrè koz la se “reactive”, nap mennen yon bonjan etid sou sa, dapwè sa Jeong deklare bay Reuters.

Menm kesyon sa tou te soulve nan peyi Japon mwa dènye a lè ofisyèl sante yo te deklare yon pasyan femèl geri apwè li te teste negatif men ki vinn answit teste pozitif.

Leave A Reply