Repiblik Dominikènn: Chantez ak aktris Amara La Negra fè yon don 200 mil peso an nouriti pou anpil fanmiy

0 301

Sen Domeng___(TRiboLAND) Chantez ak aktris Amara La Negra kap viv nan Vil Miami fè yon don 200 mil peso ki pou achte pwovizyon alimantè ak lòt kalite pwodwi pou divès fanmiy ki afekte ak kovid-19 la nan Repiblik Dominikènn.

Chantèz la ki alafwa yon modèl tou, eksplike avèk kontribisyon sa, plis pase 125 fanmiy defavorize ap kapab benefisye, e menm arive suviv pandan jou nwa sa yo kote ke ekonomi an paralyze anndan ak deyò peyi a.

“Se pa ki yès ki bay pi plis! Se senpleman ede lòt moun nenpòt jan ou kapab! Se ede ak kolabore avèk frè dominiken nou yo”, dapwè sa aktrès la deklare.

Donasyon an fèt atravè platfòm Instagram Don Miguelo kap raised lajan pou asiste sa yo ki defavorize nan peyi a.

Leave A Reply