Yon brigad medikal pati pou peyi Togo nan kad batay kont kovid-19 la

0 316


Havana____(TRiboLAND) Yon brigad medikal kiben pran vol pou peyi Togo, Afwik Lwès, nan kad pote kole pou ede batay kont kovit-19 la.

Se pral pwemye fwa doktè kiben yo pral travay nan peyi Togo, selon sous ofisyèl yo. Angola se te pwemye peyi nan kontinan an ki te resevwa doktè kiben avèk anpil chalè ak espwa 9 Avwil ki sot pase la.

Anpil lòt espesyalis Henry Reeve komisyon Entènasyonal ap batay seryezman avèk Covid-19 nan plis pase 18 peyi tankou Itali, Venezwela, Beliz ak Nikaragwa. Medsen pwofesyonèl Kiben yo gen enstriksyon pou yo pwoteje tèt yo e kontribye a tout regleman sanitè peyi ke yo ape de yo.

Komisyon Entènasyonal Doktè Espesyalis pou Sitiyasyon Dezas ak Epidemi Grav “Henry Reeve” te fonde anba inisyativ Fidel Castro nan lane 2005. Li ede peyi ki nan sitiyasyon ijan anba Diplomasi Medikal.

Leave A Reply