Mevlut Cavusoglu: mesaj solidarite avèk Ayiti

0 379

TRiboLAND) Minis Afè Lòt bò Dlo peyi Tuki a, Mevlut Cavusoglu pibliye yon mesaj solidarite avèk Ayiti, kap gen pou resevwa yon asistans an èd medikal bò kote peyi Tuki nan kad pou batay kont Kovid-19 la.

M. Cavusoglu te reponn omològ ayisyen an Claude Joseph avèk yon twit konsa: “Nou pral sumonte peryòd difisil sa yo ansanm. Nou ap toujou soutni pèp ayisyen”.

Claude Joseph te fè konnen sou twitter ke peyi Tuki te reponn demand asistans peyi Dayiti a e gen materyèl medikal ke yo gen pou voye nan lut kap mennen pou batay ak kowonaviris la. Li te egalman genyen yon antretyen avèk Mevlut Cavusoglu yon fason pou li te remèsye gouvènman Tuki a nan non gouvènman ayisyen an.

Leave A Reply