Mete dife nan pil fatra nan tout kwen nan Jeremi, yon nouvo pratik ki montre nan ki pwen Lameri ak Travo Piblik sangwen

901

02-09-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sa ki parèt alamòd anba 2 nawè otorite nan Lameri ak travo piblik, eki parèt trè lèd devan je moun ki genyen bon sans ak karaktè moun debyen, sè ke yo konstate ak 2 nawè yo sou plas piblik kou nan do azil kominal la ki loje granmoun aje anndan’l, gro pil fatra ak dife lajounen tankou lannwit limen nan miray espas la e mete an danje sante grandèt yo.

Fòk nou fè remake, Lameri vil Jeremi ou majistra yo pa janm manisfeste volonte pou fè lapwopte nan vil lan, nan kad pwojè jesyon dechè solid lan ke peyi Japon finanse a. Lameri Jeremi fè alèji ak pwòpte, alòske li benefisye plizye materyèl tankou: 2 kamyon, yon backhoe loader ak lòt ekipman ankò.

Pwatik mete dife nan gwo pil fatra a, pa sèlman nan kay ke yo mete kèk granmou aje yo, menm oun ki temwanye bay TRiboLAND, fè kwè wout ki fèt ak asphalt ak plas piblik yo sibi menm sò yo. Ki donk, se yon vil Jeremi, ki livre a li menm; majistra yo nan fè tout sa ki kontrè ak lalwa, ak bonn gouvènans, kesyon manfouben ak sansal, anbisyon ak kòripsyon pou fè kòb nan kras ak nan non fatra a pou fè lakolèt entènasyonal.

Fas a tout deriv sa yo, sosyete a fè apèl a sa yo ki genyen ti moso konsyans toujou, e ki kapab limite dega yo, pou yon demen miyò.

Comments are closed.