Boukina Faso: opozisyon an bay gouvènman an 6 milyon F CFA pou lute kont Kovid-19 la

0 334

Wagadougou___(TRiboLAND) Nan kad pou batay kont kovid-19 la, opozisyon politik boukinabe a bay gouvènman lokal la yon kotizasyon 6 milyon F CFA yè Jedi 9 Avwil 2020 an.

Yon delegasyon opozisyon an ki te genyen alatèt li pwezidan Zéphirin Diabré te remèt montan tchotcho sa bay minist sante a kòm èd pou konbat kowonaviris la.

Pon opozisyon politik la, yon parèy demach enskri nan responsablite repiblikènn ak patriyotik mouvman opozisyon an, dapwè eksplikasyon Zéphirin Dabré, alatèt Opozisyon Politik Boukina Faso (CFOP-BF) a.

Bò kote pa li, Emmanuel Sorgho, Direktè Kabinè ministè sante e repwezantan ministè a te salye espwi repibliken ak patriyotik ki anime CFOP. “Bwit sou kou yo lanse yon mouvman kotizasyon e yo arive kolekte 6 milyon F CFA ki pral sèvi pou achte materyèl pwoteksyon, ekipman, pwodwi e ak tou sa ki antre nan kad pou batay avèk kovid-19 la”, selon Emmanuel Sorgho ki tap depoze.

Leave A Reply