Dwa fanm ak tifi : KOFAGA/ FANM DESIDE ki sòti Jakmèl, òganize yon jounen bwase lide, sou keksyon dwa fanm ak tifi.

751

02 – 23 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Reprezantan Fanm Deside Jakmèl ak Konbit Fanm Grandans (KOFAGA), sou tèm “Aksè pou jwenn jistis pou pèmèt Fanm ak tifi defann dwa yo”, òganize yon jounen bwase lide nan Jeremi, nan lokal Sant Kiltirèl Carl Édouard Peeters a.

Madam François Rose Mirline ak madam Favard Nathald ki entèvni nan mikro TRiboLAND, pale sou enpotans kalite bwase lide sa yo nan sosyete a.

Ansanm aktivite sa yo, selon responsab KOFAGA ak Fanm Deside yo, fè konnen se yon aktivite ki jwenn finansman Avoka San Fwontyè – Kanada. Aktivite yo fèt nan objektif pou ede pwoteje dwa fanm ak tifi nan Jeremi.

Comments are closed.