Kowonaviris: PNH mete anba kòd 7 lwijanboje ki chwazi pa respekte mezi gouvènman an

0 332

Sen Mak____(TRiboLAND) Kowòdinasyon pwès direksyon jeneral enstitisyon polis la konfime arestasyon yè madi swa a nan Sen Mak, sèt wondonmon endividi ki chwazi pa respekte mezi otorite yo pou konbat kovid-19 la.

Konsa, ajan PNH yo ki afekte nan komisarya Sen Mak ta sanble detèmine pou akonpanye otorite yo nan kad pou fè moun respekte konsiy ki kap anpeche kowonaviris la laji zèl li sou tèritwa nasyonal la, dapwè yon nòt  responsab sekirite yo fè sòti.

Pandan ke Ayiti deja konte plis pase yon 30 ka konfime pou kovid-19, li enpòtan pou fè sonje arete pwezidansyèl 19 mas 2020 la ki entèdi moun reyini pa pakèt avèk latriye (gwoup dis moun sèlman) avèk kouvwefe lanwit nan entèval 8 è pm nan aswè jiska 5 è am douvanjou.

Pami sèt lwijanboje ke yo te arete nan vil Sen Mak la, ou jwenn: Welatcha Charles, Guerson Dely, Milot Dorvilus ak divès lòt.

Leave A Reply