Direksyon Sant Sante Chansòlm la mande konkou otorite yo pou asiste popilasyon an

416

Chansolm, Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ke li bay Radyo Marconi FM touswit apwè ke li te fenn fè fòmasyon sou Kovid-19 la pou divès plantè nan komenn Chansòlm Jedi ki te 28 me 2020, Dr. Peterson Tatoute te pwofite bay enpwesyon li sou entèaksyon li avèk plantè patisipan yo.

Nan yo entèvyou ke li bay Radio Marconi FM apwè seyans sansibilizasyon ak fòmasyon sou kovid-19 la, Dr. Tatoute panse ke plantè patisipan yo te afiche bon jan volonte ak detèminasyon pou aprann plis sou kovid-19 la. Konsa, sa te ba li anpil kouraj pou l avanse.

Pou li menm, se tout yon fyète pou li ki soti nan yon fanmiy ki gen tout rasenn li ki mare ak agwikilti, kanpe devan plantè sa yo pou lap pataje konesans medikal li avèk yo. “Mwen gen espwa e enplemantasyon konesans sa yo sou kovid-19 la, ap sèvi yo yon ranpa nan pwatik akwikòl yo,” dapwè Dr. Tatoute ki se pitit ansyen Depite komenn Chansòlm la, Pierre Martin Tatoute.

Direktè Sant Sante Chansòlm la ki ta sanble li chanpyon nan jerans espas medikal sa ki pwòp estime ke se yon veritab batay pou arive konvenk malad kap fwekante sant medikal la mete màs ou cache nez. Gen moun trè souvan ki pa genyen màs; men si nou kapab nou kreye mwayen pou yo jwenn yon cache nez nan mezi ke nou kapab. Travay ak popilasyon an sou aplikasyon konsiyn sanitè yo se yon batay ki ase long, dapwè Dr. Tatoute.

Dr. Tatoute rapòte ke sant lan se suviv lap suviv ak lafwa e ak fèb mwayen ki pafwa pa menm egziste. Li mande responsab MSPP yo pou fè dilijans nesesè ki pou fasilite ke yo pa sufoke men pito reponn ak egzijans yo tankou mwayen adekwat pou asiste popilasyon komenn Chansòlm lan.

Li remèsye otorite MSPP ak DSNO yo ki toujou voye ti kichòy pou rann sant lan operasyonèl.

Comments are closed.