Zile Sent Lusi entèdi touris ki te vizite Itali antre lakay li

0 485

Kastriz___(TRiboLAND) Lil Sent Lusi lanse yon mezi entèdiksyon dantre kont touris banbochè ki abitye visite zile a, sitou sa yo ki sòti nan peyi Itali, Lachinn, Hong Kong, Kore Disid, Japon ak Sengapou nan dènye 14 jou sa yo.

Zile Karaib la se pwemye teritwa ki bay yon kanpe lwen pa pwoche kont moun ki te vizite Itali apwè deklenchman kowonaviris la vil tankou Lombardy ak rejyon Veneto nan zònn solèy leve peyi a.

Nan jou say o, peyi Itali devni peyi ki pi afekte nan zònn Ewop la, avèk plis pase 300 ka kovit-19 ak 11 lanmò. Nan moman sa, Sent Lusi pa genyen oken ka viris la, men nan dènye enfòmasyon ke gouvènman an mete deyò, konfime entèdiksyon sou vwayajè ki te vizite peyi yo mansyone yo jiska nouvèl lòd. Yon parèy mezi entèdiksyon pa aplikab pou sitwayen Sent Lusi yo.

Leave A Reply