Etazini sezi plis pase 3 milyon mas ki te dwe ekspòte nan peyi Kanada

0 400

Wachenntonn ____(TRiboLAND) Ofisyèl peyi Etazini yo sezi e anpeche ekspòtasyon plis pase 3 milyon mas espesyalize ki te destine pou Ontaryo ki se youn pami vil Kanada yo ki pi popilè e ki devlope anpil panik tou sou ensufizans resous ki pa genyen pou staff medikal la kap batay ak kowonaviris la pou fen semènn nan.

Pwezidan Donald Trump envoke yè Vandredi a Lwa Defans Pwodiksyon 1950 la ki bay gouvènman an plen pouvwa pou kanpe ekspòtasyon mas respiratwa 3M N95 yo nan peyi Kanada ak nan Amerik Latenn nan.

Mas sa yo ki pa bay pasaj a 98% ti zè goutlèt yo, venn resous ki trè vital pou travayè sante ki nan pwemye ran batay kont kowonaviris la.

Nan jou sa yo anpil ekipman medikal se pwèske gaz ra, anpil peyi ak gouvènman lokal pa sispann mete grif yo deyò nan batay pou gen aksè sou kèlke swa sa yo jwenn kòm resous ki disponib.

Leave A Reply