Chif viktim kovid-19 yo pa sispann bay kè sere anndan Repiblik Dominikènn

0 384

Sen Domeng___(TRiboLAND) Minis Sante Repiblik Dominikènn lan, Rafael Sánchez Cárdenas nan chita tande avèk lapwès jounen jodi Samdi 28 Mas 2020 an, konfime yon total de 28 moun ki deja mouri avèk kovid-19 la e 719 lòt teste pozitif.

Pami moun ki mouri yo, genyen 13 nan yo ki natif natal Pwovens Duarte ki pami distrik Santiago ak Sen Domeng kap sakaje anba sekous kovid-19 la, dapwè Doktè Cárdenas ki tap depoze bay lapwès.

Konsa, depi kèlke jou chif viktim kovid-19 yo pou peyi panyòl la pa sispann bay lawouli avèk panik ni anndan ak ni deyò fontyè a.

Leave A Reply