Bèljik: Pwemye chat ki enfekte ak kovid-19 la

0 325

Beljik___(TRiboLAND) yon chat nan peyi bèljik arive fè kovid-19 apwè ke li te atrape yon mikwòb ki te soti bò kote (Mèt li) pwopwiyetè a ki te enfekte egalman avèk viris, dapwè sa ofisyèl yo rapòte, se pwemye chat ki afekte nan viris la.

Zanimo malad la te tested pozitiv apwè ke li te montre sentòm klasik kovid-19 la tankou difikilte pou respire yon semènn apwè ke responsab chat la te tonbe malad, selon sa ofisyèl sante yo rapòte nan yon pwès konferans, dapwè the Brussels Times reports.

“Chat la te genyen dyare, li te tonbe ap vwomi e gen difikilte pou respire. Chèchè yo jwenn viris la nan matyè fekal li”, dapwè sa pwofesè Steven Van Gucht rapòte jodi Vandredi a.

Sepandan, Òganizasyon Mondyàl Sante (OMS) pèsiste ke pa genyen oken evidans ke yon chyen, chat oubyen nenpòt ki bèt kapab transmèt Kovid-19 bay moun.

kredi foto: Getty Images/iStockphoto

Leave A Reply