Bèlmè pitit gason Suprèm Lidè Iranyen an mouri anba Kovid-19

0 285

Dibay____(TRiboLAND) Bèlmè pitit gason ki pi jènn Suprèm Lidè Iranyen an, Ayatollah Ali Khamenei mouri nan yon lopital nan Teheran akoz Kovid-19, dapwè ajan nouvèl IRNA nan peyi Iran.

Selon enfòmasyon yo, Ezat Khamoosi te bèlmè klerik Meysam Khamenei, youn nan pitit Ayatollah.

Plis pase yon douzènn gran figi Iranyen mouri anba Kovid-19, ki jiska prezan deja enfekte plis pase 23,049 iranyen. Kantite moun ki deja mouri nan Iran li estime a 1,812 moun yè Lendi a.

Leave A Reply