Grand’Anse Fyèv elektoral: atis Jean Jean Roosevelt annonce sa candidature au Sénat

11/25/2026
Atis chantè e konpozitè Jean Jean Roosevelt anonse atravè yon lèt ki date 22 novanm 2026 lan, ke li genyen entansyon pou li genyen entansyon pou li pote tèt li kòm kandida pou syèj Sena pou depatman Grandans lan nan pwochen eleksyon yo.
Jean Jean ki ta sanble menm jan ak yon latriye lòt, ki atake anba fyèv elektoral la nan pote boure pou koulwa pouvwa politik la anndan peyi Dayiti, vle parèt tèt li nan kous la, anba banyè platfòm “Solèy” sou nimewo “72”, ap genyen pou fè depozisyon pyès jistifikasyon li nan pwochen jou kap vini la yo, nan Biwo Elektoral Depatmantal (BED) Grandans lan.
Nan jou sa yo, yon bon gwoup atis mizisyen ayisyen, plis kontanple ou manifeste anpil enterè nan lavi politik peyi a; sepandan, pou anpil obsèvatè, peyi a deja fè anpil vye eksperyans grapyay avèk atis kap chèche kote sous opòtinite gagotay peyi a ye.
Nap raple, Jean Jean Roosevelt ki se yon natif depatman Grandans lan, deja montre yon ton trè konsilyan parapò atravè aspirasyon sila. Li egzòte tout sa yo ki pral anfas li pou yo aprann fè prèv asèptans ou fairplay nan pwosesis la, malgre kapab genyen divèjans antre yo sou yon seri apwoch.






