Yon foutbolè Italyen-Nijeryen enfekte ak kowonaviris la

0 517

Nijerya___(TRiboLAND) Li genyen sèlman 22 lane, li se pwemye foutbolè ki atrape kowonaviris la: King Paul Akpan Udoh; sila ki toujou ap onore echanj li avèk Seri C Itali a, Pianese, te dyagnostize kovid19 27 Fevwiye ki sot pase la, e yo te mete li an karantènn (nan siveyans ak izolman).

Jwè 22 lane a ki te kòmanse karyè li avèk Reggiana avan li te arive antre nan Juventus an 2011 kote ke yo te finanse l pou yon lòt ane. Konsa, apwè anpil pwogrè onivo jènn divizyon Juventus la, Udoh te arive pran yon kontra pou li te antre nan Virtus Lanciano, yon Seri B nan lane 2016 avèk espwa yo ap fini pa achte li nan fen sezon an.

Leave A Reply