Valéry Numa chwazi pa kite politisyen awousa ki efondre peyi Dayiti itilize mikwo li atravè rubwik “Invité du Jour”

2,110

10/15/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Apwè yon konstatasyon manch long, jounalis vedèt Radio Vision 2000, Valéry Numa deside retire mikwo nan bouch awousa ak politisyen woulibè depaman nan vi nasyonal la ke li estime ki efondre peyi a.

Mesye Numa kanpe rubwik antretyen ki pote non “Invité du Jour” ke li te konnen anime chak maten sou Radio vision 2000 nan Pòtopwens. Jounalis Gran Toryan an, deklare ke li enkonfòtab pou li kontinye ap entèwoje menm poulen yo nan klas politik ak vi sosyàl peyi a; alòske se menm “aktè sa yo ki pwensipal responsab tout dràm peyi a. Yo arive fè dap piyanp sou mikwo medya yo, e yo achte espas pouvwà alòske rezilta yo bay yo se desepsyon total kapital. Anplis, pa genyen anyen yo fè ki reflete yon ti pwogrè ekonomik e sosyàl”, dapwè Numa ki tap depoze.

Antouka, pwezantatè “Vision 2000 á l’écoute” la mete nan yon kwen rubwik “Invité du Jour” a apwè ke li fatige bay pasaj ak politisyen eponj ki pa kanpe sou anyen e ki efondre peyi Dayiti. Sepandan, jounalis la ap kontinye jere odyans li atravè emisyon “Vision 2000 à l’écoute” ki emèt sou Radio Vision 2000 chak lendi jiska vandredi, 1è pou 3è nan apwèmidi.

Comments are closed.