Anplwàyè meri komin Senlwidinò yo proteste e reklame 26 mwa salè yo

2,149

06-29-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Lakou meri Senlwidinò konnen yon move moman jodi mèkredi 29 jwen 2022 a. Byen bonè maten an, anplwaye yo mete kadna nan pòt ak baryè antre minisipal la.

Pou fòse mouche leta peye meri a 26 mwa travay yo ak 38 mwa leta dwe meri a, anplwàye yo te antre an protestasyon. Yon sitiyasyon ki ta pral dejenere a okazyone gro koutwòch tire sou baryè meri a.

Anplwaye yo ta fe kwè, leta desann 3 mwa sou 26 mwa. Enteryè ta deside retire 2 mwa sou salè anplwaye yo pou ranplase dèt kite fè sou kont meri a. Anplwaye yo ki pat vle pran koulè, deside bloke travay jiskaske yo jwenn 3 mwa ki vini pou yo a.

Pierrilien Nicol Colly
 

Comments are closed.