Nòdès-Karis/Ensandi:Yon kay brile rapye tè nan lokalite “Vye Gàd”

1,301

06-05-2022

Karis, Ayiti____(TRiboLAND) Vandredi 3 jen 2022 a, endividi pèsonn pa rive idantifye brile kay Zou, yon sitwayen nan lokalite Vye Gàd.

Se avèk anpil amètim, kè sere e dlo nan je, Zou yon sitwayen pezib nan komin Karis, lokalite Vye Gad; aprann kay anplanche ak tòl, kankannen rapye tè.

Dapwè enfòmasyon korespondan Triboland yo rive jwenn lakay viktim nan, li fè konnen nan moman kay la tap pran dife a, pat genyen pèsòn kite prezan.

Sepandan, enfòmasyon kap sikile yo rete fè kwè ke se pròp fanmi viktim nan ki ta ka okazyone gwo tèt chaje si la akòz yon konfli teryen.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.