Fwa sa se tout bon: 2 ka kovid-19 konfime nan peyi Dayiti

0 428

Pòtopwens___(TRiboLAND) Gouvènman Ayisyen pou yon pwemye fwa anonse 2 Ka kowonaviris ki te nan yon pwemye tan te konsidere kòm sispèk. Sepandan apwè tès depistaj yo otorite Sante yo anonse finalman 2 pwemye ka pozitiv kovid-19 sou tèritwa papa Desalenn nan.

Nan yon konferans de pwès ki delivwe nan Palè Nasyonal, gouvènman an atravè Pwezidan Jovenel Moise konfime aswè Jedi 19 2020 an 2 ka enfekte. Youn ki orijinè depatman Lwès e yon lòt ki gen pou wè avèk yon sitwayen peyi Beljik nan Latibonit.

Nap raple, sitwayen Bèlj la kap dirije yon òfelina nan depatman Latibonit key o te mete an karantènn nan Sen Michèl De Latalay akoz sentòm kovid-19 yo, arive teste pozitiv. Li te antre nan peyi a 10 Mas dènye

Leave A Reply