Malè a deja andan lakay nou, se nouk pou goumen ak li poul pa genyen nou

0 405

1-Map konseye nou, ouvè kay yo pou solèy rantre, flite chanm yo ak Lysol.

2-Achte hand sanitizer pou n netwaye men nou a chak fwa nou touche yon bagay, pase yon ti eponj ki gen dlo klorox sou manch pòt yo lè yon lòt moun nou pa gen kontwòl touchel e menm wou menm siw te nan lari.

3- Achte vitamin c e pran chak maten, siro pou timoun, grenn ki ka fonn nan dlo ou souse pou granmoun.

4-Evite foul, si wap pale ak yon moun pran yon ti distans. Aysyen renmen bèl mèvèy, sispann al gade evènman.

5-Mete nan tèt nou moun ki malad yo se pa yo ki vle, pa panse mal pou yo, byen okontrè se priye pou yo e si sa rive bò lakay ou rele nimewo ijans ke an prensip gouvènman an ta dwe bay. Lè yo di evite foul, sonje ni legliz ladanl pou nou pa di wi se priye nou pral priye anyen paka rive nou. Evite seremoni vodou, rara e sonje sikonstans ka fè gen yon veye pou yon moun ki mouri, pa bliye tèt nou pou sa. 6-Peyizan, sispann pase boutèy tafya de yon bouch a yon lòt e nan seremoni yo sonje entèl ki gen lwa konn pran yon kou e li diw pran yon kou tou, ou pa oblije. Jete kou paw la atè, se menm bagay la.

7-Sonje machann fritay yo manyen fritay la aprè yo manyen lajan e lajan an paka netwaye.Pridans ankò.

8-Sonje fwi ou achte nan lari ak makèt yo dwe lave ak dlo klorok avan nou itilize yo. 9- Lopital pral depase pa evenman an, fè yon ti trous ijans pou kay ou. Ladanl ou ka gen :alkol, mas, neo melubrina si timoun yo ta gen fyèv ki pa korona, paracetamol, klorokin, pansman ect. Koronaviris se pa yon fatalite, se pare nou te dwe pare avan li rive sou nou. Kòm li rive deja, ann evite pwopagasyon an. Se chak moun ki gen responsabite sa. Map di medsen nou yo kap entèvni, se pa paskew doktè ou pap pranl, byen okontrè ou bezwen plis pwoteksyon paske si se wouk malad, nou chire nèt. Sete rapèl yon zanmi nou,

Dr Evallière Beauplan

Leave A Reply