Mar kafe genyen sekrè ladan-l, pa janm jete-l!

0 318

 Anpil nan gran paran nou ye te konn toujou ap itilize mar kafe sou plizyè fòm. Sèten moun pat ka arive konprann taktik sa yo ki te trè itil nan anpil nivo. Sajès grandèt nou yo, pat chita sèlman nan bwè yon tas kafe chak jou, men li te sitou chita sou diferan fason moun kapab itilize mar kafe pou fasilite yon pakèt bagay fèt. Men, ki sa menm moun kapab fè ak mar kafe? Malerezman, gen anpil moun ki volontèman voye jete mar kafe yo, san konnen ki bagay engredyan mirak sa kapab fè pou lakay y oak jaden yo.

Bèt ki nwizib: mar kafe ede-w chase ti ensèk kap ravaje plant oubyen it bèt tankou kalmonson ou eskago ki nan antouraj lakay-ou. Li fèt chat rete lwen tou. Lague yon ti mar kafe nan antouraj lakay-ou yon fason pou rele koukourouj dèyè nwizib.

Netwayaj Chodyè Kwizinn: Lè chodyè-a gen twòp grès, li di pou lave byen, fè yon solusyon ak yon ti mar kafe epi netwaye ou foubi chodyè grès-la avè-l.

Angrè: pa gen pi bon angrè pase mar kafe! Sitou lè ou melaje-l avèk dlo pouf è arosaj jaden. Li genbe tè-a fre e li attire vètè ki ede flè ak plant yo fètil ou byen devlope. Sa pa gen manti ladan-l!

Kawòt: si nou melanje  ti plantil kawòt avèk mar kafe avan ou plante, wap sezi wè gwosè ak epesè kawòt sa yo lè yo pare pou rekòlte

Move Odè: chase move odè avèk mar kafe. Seche e mete yon ti mar kafe nan yon ti kontenè e plase li yon kote ou konnen kap degaje move odè epi lapè! Ou ka itilize metòd sa-a tou anndan frijidè oubyen nan etajè/bifèt ou gadmanje lakay ou. Mar kafe se yon bonjan dezodorizan.

Li se yon savon: Lè ou bezwen retire sant lay ak zonyon nan men ou, lave men ou avèk mar kafe. Lap retire vye odè-a e fè men an dous ak bèl.

Yon planch ki abime: Si ou se boss ebenis oubyen ou genyen lakay ou yon mèb ki abime, itilize ou byen boure espas la ak yon ti mar kafe epi sable li lejèman. nan pou

Po dous: Kafe genyen anpil antioksidan ak kafeyinn; se 2 bon pwopwiyete ki bon pou men. Si ou bezwen gen bèl men ki dous, pa sispann lave men ou avèk mar kafe.

TRiboLAND Staff

Leave A Reply