Kovit-19: Eta sant Karatènn Beladè a pwouve ke nou poko pare

0 487

Pòtopwens___(TRiboLAND) Depi kèlke tan tout moun ka remake gouvenman Moise Joseph la pa sispann miltipliye kèk efò konsète nan kad preparasyon Kovit-19 la ke anpil moun atravè peyi inyore ou stigmatize. “Rayi chyen di dan l blan”, efò sa yo remakab atravè sinèji kap degaje ant Ministè Sante, Ministè Kominikasyon e Ministè Enteryè, ki ta sanble ap jwe yon wòl pwo-aktiv nan demach sansibilizasyon ak preparasyon pou minimize dega pwopagasyon viris kouwònn nan.

Onivo entènasyonal anpil peyi ou nasyon ap fè tout sa ki imajinab pou sekirize tèritwa lakay yo; e yo fè li menm lè se peyi afekte sa yo ki te kenbe kle vant yo! San achte figi! San moun pa! Li pa yon kesyon èd finansyè ou asistans koperativ ankò; li yon kesyon de vi oubyen lamò! Nap mande pou Ayiti retire gwo tras ospitalyè ke yo genyen nan ADN yo. Pa gen oken peyi nan monn lan ki pral fleksib nan mezi ke li pral pran pou pwoteje tèritwa l. Konsa, sa pa anpeche vilnerabilite nou kòm peyi ki nan ke kamyonèt povwete la pa anpeche yo manifeste kiyozite pou wè fwa sa kòman nap suviv e ki sa kap fèt an tèm pweparasyon anndan peyi Ayiti.


Pòs Karatènn Beladè

Si ou vle kwè, malgre anpil kote ap pweokipe yo de lakay yo nan moman sa, sa pa anpeche gen anpil kout plim ki fèt sou do Ayiti. Tankou lè yo konn fè li lè gen siklònn. E yo pwofite kesyone sistèm sante peyi a ki pa menm egziste; gen nan yo tou ki menm arive di ke Ayiti abitye fè fas ak epidemi tankou kolera deja, yo genyen pwòp sistèm adaptasyon ak andirans pa yo lè yo ap fè fas ak advèsite. Anplis, gen kritik pozitiv tou ki deklare ke Ayiti malgre nati vilnerabilite li, genyen anpil leson ke lòt peyi te ka pran sou li nan moman sa. Yo bay egzanp: kapasite sikolojik ayisyen pou li toujou wè espwa menm lè pa genyen wout espwa; kapasite pou fè yon fwon komen nan advèsite; kapasite rezistib sèvo a genyen sou kò nan moman kriz oubyen deposesyon ekstrèm e yon supè dimansyon rezistans ki enkontestab.

Se vre, mantal ayisyen an deja pwograme pou fè fas ak yon pakèt sitiyasyon ou katasftwòf; e sa trè otomatik an fonksyon de yon seri moman ak eksperyans nwa nan istwa li kòm nasyon. Sepandan, Ayiti pa ka soufwi ankò e nou pa ka pran chans pou nou pa vulgarize seryozite sitiyasyon pou nou pa mete djak sou djak! Nou deja genyen twòp nan asyèt nou! Prepare nou pou yon parèy viris, mande plis ke genyen eksperyans deja. Li se yon kesyon serye ki pa ka abòde avèk lejète ou iresponsablite. Sansibilize chak ayisyen se obligasyon chak sitwayen! Men jan nou fè li pou nou mobilize e pataje videyo ou mesaj politik ou aksidan sansasyonèl nan yon fraksyon segonn bay lòt moun; òdone tèt ou pou voye bay lòt moun mesaj sansibilizasyon ak rekòmandasyon sou Kovit-19 la bay lòt ayisyen.

Gen anpil lidè legliz ki reyèlman pwofite moman sa pou jwe wòl yo kòm antite responsab ou pwo-aktiv. Yo distribye literati sou viris la divès kwen kominotè tankou yo tap fè evanjelizasyon. Yo egalman fè atelye travay sou distans sosyal e kondwi lòt seyans fòmasyon pou lòt moun nan katye yo. Sepandan, gen lòt lidè relijyez mal fòme ki fè tèt yo pase pou pwofèt chalatan e minimize tout demach pwekosyon ak responsabilite kretyen yo, yo ba yo “Jezi san konfese” ak revelasyon “Bondye bon”. Pwatik sa yo se kansè kwonik ki makonnen ak analfabetizasyon kap taye banda atravè peyi a. Eskanmòte sa yo an pati alabaz povwete anpil moun ki chwazi.

Yon lòt bò, gouvènman ap fè ti jefò nan fèb mwayen pa li pou fè fas ak egzijans pweparasyon ak pwekosyon pou kowonaviris la. Nan sans sa, mezi yo dwe klè! Mezi tankou sant karantènn yo, pa ta dwe bay aspè yon lokazyon kote key o voye yon moun al mouri. Si akomodasyon sant karantènn reyèlman konvenab, lap difisil pou piblik la stigmatize sitwayen afekte sa yo. Gade eta Sant karantènn Baladè a. Se reyèlman anbarasant nan yon kontèks preparasyon lojistik. Responsab yo gen enterè pote koreksyon adekwat ki pou tradwi mesaj ki klè pou pibon pwiz anchaj ki chita sou respè ak dinyite sitwayen repiblik la.

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Leave A Reply