Eske ou genyen cheve blanch? Ou kapab elimine yo avèk po pòm detè!

0 630

TRIBOLAND__Genyen cheve blanch se yon pasaj oblije! Nou tout dwe fè fas yon sèten moman avèk sa nan vi nou. Anpil moun kòmanse genyen cheve blanch depi nan laj ventènn yo, tandiske yon seri de lòt moun pa genyen bagay konsa pou lontan. Antouka, ou konnen pa genyen fè bak. Cheve blanch la pou yo rete! Antretan, si ou pa telman renmen yo, ou kapab fè yon fason pou ou debarase-w de yo.

Konsa, trik avèk pòm detè kapab ede-w debarase cheve blanch avan ou pa menm ran kont sa!

Nwasi cheve-w se yon aktivite ki pwan anpil tan. Ou kapab fè-l lakay ou oubyen nan salon kwafu. Men nan tou 2 ka yo sa mande ti tan e li koute lajan. E si ou bezwen gen bèl cheve, ou dwe kontinye fè sa tanzantan. Erezman genyen yon ti trik ke ou kapab fè kab koute ou yon tikal kòb e pi efikas ke nwasi.

Pou reyalize trik sa, tout sa wap bezwen se yon sak pòm detè! Po pòm detè yo genyen anzym ladan yo ki rele katecholas (catécholase). Yo itilize anzym nan pwodwi kosmetik ki reyèlman inifye koulè po moun. Pandan lap inifye koulè po kò ou, anzym kapab tou inifye koulè cheve-w.

Po pòm detè pap andomaje cheve-w, e pèsònn moun pa kapab di pou pwodwi chimik ki bay koulè yo. Li nesesè pou ou eseye-l! Ou pap pèdi anyen!

Me enstriksyon yo

Kolore cheve-w avèk po pòm detè reyèlman sanble ridikil, se vre, men pa enkyete-w li definitivman travay! E se extrèman fasil! An nou swiv kèk etap:

  • Bouyi kèk pòm detè pandan 20 minit
  • Etire po pòm detè yo e pase yo nan blendè (po yo, pa pòm detè yo).
  • Lave cheve ou tankou ou abitye fè-l, epi melanje po pòm detè yo ak cheve-w.
  • Kite po pòm detè yo aji nan cheve-w pandan 15 minit omwens e rwense avèk dlo.
  • Trete cheve ou avèk yon mas pou cheve onbyen avèk yon kondisyonè (un après-shampooing) yon fason pou elimine odè pòmm detè-a.
  • Epi se fini!
Leave A Reply