PM Jouthe Joseph: Gwo visit inatandi nan Radyo Zenith yè apwè midi

0 397

Pòtopwens___(TRiboLAND) PDG Radyo Tele Zenith, Rony Colin ki se alafwa Majistra Kwa Dèboukè konfime atravè yon tweet ke li te resevwa nan madi apwè midi ki te 10 Mas 2020 yon visit supwiz pwemye minis tou lumen an, Jouthe Joseph.

Nan yon anviwònman seren e jovyàl anndan biwo PDG a, 2 sitwayen yo te chita koze tèt a tèt jis avan ke yo mache vizite plizyè sepas nan batiman ki loje Radyo Tele Zenith.

Opinion sosyo politik yo pat manke miltipliye apwè rankont sa. Pou divès moun, pwemye minis lan voye yon sinyàl klè ke gouvènman lap dirije a gen yon lòt fason li gade advèsè politik li. Gen lòt ki entèpwete l kòm yon pouvwa kap trepase ki kouri fè mea koulpa pou oksijènn. Sepandan, objektif yon parèy visit etonant toujou rete nan nwasè!        

Leave A Reply